Anons

Demenajman DHL Nassau, Bahamas

18 Desanm, 2023

Depi18 Desanm 2023, biwo DHL nan Nassau, Bahamas yo te demenaje.

DHL ap sèvi w nan adrès sa a pou w depoze dokiman viza yo ak pou pran paspò yo nan Nassau:

31 Shirley St.
Nassau
Bahamas

Anons enpòtan sou Retounen paspò/viza nan seksyon konsilè nan Nassau

1 Novanm, 2023

Apati 15 novanm 2023, dokiman viza yo pral retounen nan adrès kourye aplikan an te chwazi nan moman li te pran randevou yo nan sistèm pou pran randevou a. Aplikan yo gen opsyon pou yo chwazi yon opsyon gratis pou pran viza apwouve yo nan biwo DHL nan Nassau, epi aplikan ki abite deyò New Providence ka achte "Sèvis Livrezon Premye Klas" jiska yon jou ouvrab anvan dat randevou konsila yo a pou yo livre viza a nan yon biwo DHL oswa nan yon adrès kay nan Freeport, Exuma, Marsh Harbour ak Turks and Caicos Islands. Gade lis biwo livrezon DHL otorize yo: https://ais.usvisa-info.com/en-bs/niv/information/courier_dropboxes .

Anbasad Ameriken an p ap kapab aksepte bòdwo ayeryen pre-peye ankò pou livrezon dokiman nan kote andeyò Nassau. Aplikan ki enterese nan "Sèvis Livrezon Premye Klas" la dwe fè acha yo yon jou anvan entèvyou yo, oswa anvan yo soumèt dokiman yo nan anbasad la atravè kourye pou moun ki kalifye pou yon aplikasyon viza pou egzansyon entèvyou.

Tanpri konsidere enfòmasyon enpòtan sa yo epi planifye kòmsadwa pou randevou viza ou.

Pou plis enfòmasyon tanpri ale nan: https://ais.usvisa-info.com/en-bs/niv/information/courier .

Mizajou: Validite Frè Visa pou moun ki p ap imigre (MRV Fee)

11 Oktòb, 2023

Tout resi pou pèman frè Visa machin ka li (MRV) yo te bay anvan 1ye oktòb 2022, ekspire 30 septanm 2023. Yo p ap pwolonje validite frè. Aplikan yo dwe pran yon randevou oswa voye yon aplikasyon kote yo pa bezwen pase entèvyou anvan 30 septanm 2023 pou yo evite peye yon nouvo frè. Si w te peye frè MRV a nan dat 1ye oktòb 2022 oswa apre, ou dwe pran randevou a nan yon ane apre dat pèman MRV w la. Tanpri sonje entèvyou a li menm pa bezwen fèt nan yon ane, men yon randevou entèvyou bezwen fèt nan sistèm nan, menm si li pwograme plizyè mwa alavni. Met sou sa, aplikan ki sèvi ak frè MRV yo peye anvan 1ye oktòb 2022 pou pran yon randevou yo resevwa avètisman pou yo pa eseye chanje dat randevou yo nan oswa apre 1ye oktòb 2023. Si w fè sa, sa pral lakòz ou pèdi toule de plas randevou ki te gentan disponib la ak resi frè MRV a. Aplikan an pral oblije peye yon nouvo frè epi voye yon nouvo dosye aplikasyon.

Vaksinasyon kont COVID-19 epi vwayaje Ozetazini

5 Septanm, 2023

Vwayaj avèk yon titilè viza ki pa imigran: Pasaje yo pa bezwen montre prèv ke yo te antyèman vaksine avèk yon vaksen COVID-19 ke yo aksepte pou yo anbake nan yon vòl ki prale Etazini. Pou plis enfòmasyon, vizite https://wwwnc.cdc.gov/travel/page/before-travel .

Aplikan viza imigran yo: Lwa Ameriken sou imigrasyon mande pou aplikan viza imigran yo jwenn sèten vaksen anvan yo ba yo yon viza imigran. Pou plis enfòmasyon vizite https://travel.state.gov/content/travel/en/us-visas/immigrate/vaccinations.html .

Validite Frè Visa Non Imigran (Frè MRV)

5 Septanm, 2023

Tout resi pou peman frè Visa lizib pou machinn (MRV) yo te bay anvan 1ye oktòb 2022, ap ekspire 30 septanm 2023. Pa pral gen pwolonjman validite frè. Aplikan yo dwe pran yon randevou oswa soumèt yon aplikasyon pou egzansyon entèvyou anvan 30 septanm 2023 pou evite peye yon nouvo frè. Si w te peye frè MRV a apre 1ye oktòb 2022, ou dwe pran randevou a nan yon ane. \ Tanpri sonje ke entèvyou a li menm pa bezwen fèt nan yon ane, men yon randevou entèvyou bezwen fèt nan sistèm nan, menm si li pwograme mwa k ap vini. Anplis de sa, aplikan k ap sèvi ak frè MRV yo peye anvan 1ye oktòb 2022 pou pran yon randevou yo resevwa avètisman pou yo pa eseye chanje dat randevou yo nan oswa apre 1ye oktòb 2023. Si w fè sa, sa pral lakòz ou pèdi ni plas randevou orijinal la ni resi frè MRV la. Aplikan an ap oblije peye yon nouvo frè epi soumèt yon nouvo pake aplikasyon.

Enfòmasyon enpòtan sou Validite frè viza w

10 Jiyè, 2023

Lajan w peye pou aplikasyon viza a bon pou 365 jou apati dat moun nan peye l la. Aprè 365 jou, si moun k ap aplike a pa pran randevou pou entèvyou l la oswa si l pa voye aplikasyon l lan pou yon viza ki pa pou moun k ap imigre (viza K pou fiyanse landan l tou), lajan l peye a ap ekspire e moun ki aplike a ap pèdi dwa l genyen pou l itilize lajan an pou aplikasyon viza a. Men, akoz konsila a pa t travay yon fason ki nòmal akoz COVID-19 nan kòmansman ane 2020 an, epi akoz efò Depatman Eta Ameriken kontinye ap fè pou rekòmanse ak tout travay nan seksyon viza yo jan sa te konn abitye fèt la pi rapid ak pi an sekirite posib, Depatman an pwolonje kantite tan lajan pou aplikasyon viza moun yo peye yo jiska 30 septanm 2023 pou tout lajan moun te peye ant 20 fevriye 2020 ak 30 septanm 2022.

Tanpri verifye validite frè viza w la epi li enfòmasyon enpòtan ki pi ba yo:

  • Pou w verifye dat ekspirasyon frè viza w la, konekte sou kont ou sou sit entènèt sa a (https://ais.usvisa-info.com/), klike sou bouton Kontinye, epi chwazi opsyon resi pèman. Dat ekspirasyon pou lajan w peye pou viza chak moun ki aplike ap afiche nan Resi Pèman an.
  • Si w pa sèvi ak frè a anvan dat ekspirasyon frè a, w ap oblije peye yon nouvo frè si w vle aplike pou yon viza. Ou ka itilize lajan w te peye pou viza a jiska 23:59 EST nan dat ekspirasyon an.
  • Si w te deja itilize frè viza w pou w pran yon randevou alavni (apre dat ekspirasyon frè viza a), ou p ap kapab anile oswa repwograme randevou w apre dat ekspirasyon frè a, sof si w peye yon nouvo frè viza. Randevou ou gen kounye a toujou valab menm si li pwograme apre dat ekspirasyon frè viza a. Tanpri planifye pou w al nan randevou entèvyou pou viza w te pran an.
  • Ou PAP ka anile oswa repwograme randevou w apre dat ekspirasyon frè viza a. Si w eseye anile oswa repwograme randevou w la, sistèm randevou a pral afiche yon mesaj avètisman ki di pèman viza pou premye randevou a ekspire epi si w vle kontinye ak anilasyon randevou w la oswa repwograme l, sistèm nan ap mande w peye yon nouvo frè viza.
  • Si w rate randevou entèvyou w la epi frè yo itilize pou pran randevou a deja ekspire, w ap oblije peye yon nouvo frè viza si w vle kontinye ak aplikasyon w lan. Planifye pou w patisipe nan randevou pwograme pou entèvyou viza w la pou w pa oblije peye yon nouvo frè.
  • Si w te deja ale nan randevou konsila w la men w te resevwa refi dapre seksyon 221(g) Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite epi aplikasyon viza w la toujou annatant pou revizyon, dat ekspirasyon frè viza a pa gn enpak sou ou paske dosye moun k ap aplike viza a gentan ap trete. Ou ta dwe suiv konsèy yo resevwa pandan entèvyou ou a.

Tanpri verifye enfòmasyon ki afiche sou https://ais.usvisa-info.com/ pou enfòmasyon ki pi ajou konsènan frè viza w ak randevou.

Frè pou tretman viza pou moun ki pa imigran yo

17 Jen, 2023

  • Frè aplikasyon pou viza vizitè pou biznis oswa touris (B1/B2s ak BCCs), ak lòt NIV ki pa baze sou petisyon tankou viza vizitè elèv ak echanj se $185 USD.
  • Frè aplikasyon pou sèten viza non imigran ki baze sou petisyon pou travayè tanporè (kategori H, L, O, P, Q, ak R) se $205 USD.
  • Frè aplikasyon pou yon komèsan trete, envestisè trete, ak aplikan trete nan yon okipasyon espesyalite (kategori E) se $315 USD.

Aplikan ki te deja peye yon frè aplikasyon viza ki valid kounye a epi ki pa ekspire, men ki poko parèt pou entèvyou viza yo oswa ki ap tann pou yo trete ka yo, yo p ap peye okenn frè adisyonèl.

Enfòmasyon enpòtan sou enfòmasyon prive ak sekirite kont ou sou sit entènèt sa a

30 Me, 2023

Konfidansyalite w ak sekirite w enpòtan. Nou vrèman rekòmande pou w pa pataje idantifyan w (enfòmasyon ki pèmèt ou konekte) pou sit sa a, ak okenn moun, nan okenn sikonstans. Ekip nou an p ap janm mande idantifyan w swa nan telefòn, oswa pa imel. Pataje idantifyan w yo ka lakòz move itilizasyon oswa lakoz pwoblè ak enfòmasyon pèsonèl ou yo. Anplis de sa, itilizasyon zouti otomatik tankou bots, scripts, oswa lòt entèfas ki pa moun entèdi nan sit sa a. Zouti sa yo non sèlman gen posiblite pou mete entegrite done pèsonèl ou yo an danje, men tou, yo ka lakòz reta nan pwosesis aplikasyon w lan. Gade Règ sou Konfidansyalite ak Kondisyon Itilizasyon Sit sa a pou plis detay. Mèsi pou kowoperasyon w nan kenbe yon wo estanda sekirite ak vi prive.

16 Septanm, 2020

Enfòmasyon Ijan Pou Aplikan pou Viza

Tanpri revize enfòmasyon ki anba a anvan ou pran yon randevou oswa ale nan yon randevou ki gen rapò ak viza.

Anons Enpòtan sou Egzijans Entèvyou pou Sèten Viza ki Pa Imigran

ENFÒMASYON ENPÒTAN SOU VALIDITE FRÈ VIZA OU

Enfòmasyon enpòtan sou enfòmasyon prive ak sekirite kont ou sou sit entènèt sa a

Vaksen kont COVID-19 ak Vwayaj Ozetazini

Frè pou tretman viza ki pa imigran


Viza Ameriken ak Mizajou sou Vwayaj

Pou jwenn dènye enfòmasyon Depatman Deta Ameriken an konsènan pwoblèm viza ak vwayaj Ozetazini, tanpri vizite: https://travel.state.gov/content/travel/en/News/visas-news.html.

Replanifye randevou - 5 septanm 2019

4 Septanm, 2019

Tanpri sonje, akoz enpak siklòn Dorian nan tout Bahamas, tout randevou viza nan Jedi 5 septanm 2019 yo pral repwograme.

W ap bezwen repwograme randevou w sou sit sa a oswa lè w rele 242-603-1290 pou w pale ak yon ajan.

Seksyon Konsilè a mande tout moun pou yo rete an sekirite apre siklòn Dorian.

Pwogramasyon randevou pou aplikasyon pou viza ki pa rezidan

18 Oktòb, 2017

Si w gen yon paspò ki soti nan yon peyi san konte Bahamas oswa Zile Turks ak Caicos, tanpri tcheke sit entènèt Anbasad Ameriken an pou enfòmasyon sou viza espesifik nasyonalite w la. Anbasad Ameriken Nassau a pap aksepte aplikasyon pou entèvyou aplikan ki pa abite nan de peyi sa yo pou kategori viza ak ka sa yo:

  • Aplikan premye fwa pou viza etidyan ak viza travay ki baze sou petisyon
  • Viza Trete-Komèsan (E1 & E2)
  • Aplikan ki te antre Ozetazini ak yon viza yo te bay nan peyi yo epi ki te chanje estati ak Depatman Sekirite Nasyonal Ozetazini ki ap chèche yon nouvo viza nan nouvo kategori viza a.
  • Aplikan ki te antre Ozetazini nan yon kategori viza epi k ap chèche re-antre Ozetazini nan yon kategori viza diferan.
  • Aplikan ki pa gen estati Ozetazini ki te vyole kondisyon viza yo oswa ki te depase peryòd admisyon yo te apwouve

Tanpri vizite https://bs.usembassy.gov/visas/nonimmigrant-visas/ pou enfòmasyon konplè.

Avi enpòtan - Objè yo pa pèmèt nan Anbasad Ameriken an

28 Avril, 2015

Apati 15 me 2015, tout atik elektwonik yo entèdi nan Anbasad Ameriken an. Nou pa gen okenn lokal depo pou objè sa yo.

Sa yo gen ladan yo telefòn selilè, telekòmann alam machin, aparèy pou jwe mizik ak kas, tablèt ak òdinatè, ak atik menm jan an.

Tanpri kite yo lakay ou oswa ak yon zanmi. Si w poteyo nan anbasad la, y ap anile randevou w la, epi w ap oblije repwograme randevou w la.

Pou plis detay, ale sou sit entènèt nou an:http://nassau.usembassy.gov/restrictedarticles.html