Enfòmasyon Ijan Pou Aplikan pou Viza

Tanpri revize enfòmasyon ki anba a anvan ou pran yon randevou oswa ale nan yon randevou ki gen rapò ak viza.

Anons Enpòtan sou Egzijans Entèvyou pou Sèten Viza ki Pa Imigran

ENFÒMASYON ENPÒTAN SOU VALIDITE FRÈ VIZA OU

Enfòmasyon enpòtan sou enfòmasyon prive ak sekirite kont ou sou sit entènèt sa a

Vaksen kont COVID-19 ak Vwayaj Ozetazini

Frè pou tretman viza ki pa imigran


Viza Ameriken ak Mizajou sou Vwayaj

Pou jwenn dènye enfòmasyon Depatman Deta Ameriken an konsènan pwoblèm viza ak vwayaj Ozetazini, tanpri vizite: https://travel.state.gov/content/travel/en/News/visas-news.html.

More

Scroll Down

Kontakte nou

Rezon pou ankèt

Tanpri chwazi objektif pou demann ou an:

Estati aplikasyon an

Kamtite tan pou trete aplikasyon viza a ak enprime yon viza ameriken ki apwouve yo varye pou chak grenn aplikan. Apre w fin ale nan entèvyou Seksyon Konsila Ameriken an, ou ka swiv estati aplikasyon viza w la nan https://ceac.state.gov/CEAC.

Enfòmasyon jeneral

Ajan sant sèvis kliyan yo kapab ede w pa telefòn, Skype oswa imel.

Pou sèvis nan Anglè:

Ouvri Lendi - Vandredi, 9:00 pou 17:00 lè lokal.

Pou sèvis nan Haitian Creole:

Ouvri Lendi - Vandredi, 9:00 pou 17:00 lè lokal.

Nimewo lokal yo

1 242 603 1290

Si w ap rele soti Etazini, tanpri rele: +1 703 831 3448

Si w ap itilize Skype: skype-bs_1

Imèl: Bahamas.Visas@gdit-gss.com

Sant sèvis kliyan an PA KAPAB ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Gade ki viza ki koresponn pou objektif vwayaj ou a.
  • Ranpli oswa ede yon moun ranpli fòmilè aplikasyon pou viza DS-160 oswa fòmilè DS-260 lan.
  • Gade si w kalifye pou w vwayaje san viza nan Pwogram ESTA (Pa Bezwen Viza).
  • Bay enfòmasyon sou pwogrè aplikasyon w lan apre entèvyou w la. Apre w fin ale nan entèvyou Seksyon Konsilè Ameriken an, ou ka suiv pwogrè aplikasyon w lan nan https://ceac.state.gov/CEAC.

Sant sèvis kliyan an KA ede w ak bagay ki annapre yo:

  • Bay enfòmasyon sou ki kote pou fè rechèch sou enfòmasyon viza.
  • Bay enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon viza a.
  • Bay enfòmasyon sou fason pou w peye frè aplikasyon viza a.
  • Pwograme oswa repwograme randevou w kòm yon lòt opsyon pou w fè sa sou entènèt.
  • Bay enfòmasyon sou pwogrè konsènan dokiman y ap voye pou ou yo kou te ba w nimewo suivi a. Tanpri sonje enfòmasyon sou pwogrè ki disponib nan sant sèvis kliyan an se menm enfòmasyon ou ka wè lè ou konekte nan kont ou sou sit entènèt sa a.
  • Ede ak pwoblèm teknik konsènan pèman frè viza w oswa pwoblèm kourye. Tanpri itilize enfòmasyon kontak imel ki pi ba a epi bay enfòmasyon detaye pou dosye sa yo.

Pwoblèm Pèman Frè Aplikasyon Viza

Si demann ou an se konsènan yon pwoblèm pèman frè aplikasyon pou viza - tanpri PA PEYE ANKÒ.

Demann ki gen rapò ak pèman yo pral akselere otank posib, men yo p ap remèt pèman anplis pou aplikasyon pou viza yo. Pou tout metòd pèman ki pa kat debi/kredi, pèman frè aplikasyon viza a pa valab tousuit. Pou plis enfòmasyon sou pèman frè aplikasyon pou viza tanpri gade Frè viza yo.

Pou tout pwoblèm pèman frè aplikasyon pou viza, tanpri kontakte nou lè w voye yon imèl nan adrès imel ki annapre a:

Bahamas.Visas@gdit-gss.com

Remak: Tanpri bay yon deskripsyon klè sou pwoblèm nan ak nenpòt prèv nan pèman pou asire y ap trete demann ou an yon fason efikas.


Pwoblèm livrezon dokiman yo

Suivi dokiman w lan ap kòmanse lè Seksyon Konsila Ameriken an ap pase dokiman yo bay kourye a. Pou plis enfòmasyon sou sèvis kourye tanpri gade Sèvis kourye pou dokiman viza.

Tanpri toudabò verifye pwogrè dokiman yo lè w konekte sou sit entènèt sa a oswa rele sant apèl la. Si gen plis enkyetid oswa pwoblèm pou yo retounen dokiman w yo oswa si sa fè plis pase 5 jou ouvrab depi yo te bay viza w la epi yon nimewo koli yo voye toujou pa disponib, tanpri kontakte nou lè w voye yon imel nan adrès imel ki annapre a:

Bahamas.Visas@gdit-gss.com


Lòt Pwoblèm

Nou pa ka ba w okenn mizajou konsènan pwogrè aplikasyon w lan (NIV oswa IV) ni nou pa ka bay asistans pou fòmilè DS-160 oswa DS-260.

Voye yon imel bay Bahamas.Visas@gdit-gss.com, si w bezwen asistans ak:

  • enfòmasyon jeneral viza oswa fason pou w aplike
  • pwoblèm teknik ak sit entènèt la
  • enfòmasyon pou w konekte w (imel ak modpas) pou w antre nan sit la pou peye epi pran randevou a

Remak: Tanpri bay yon deskripsyon klè sou pwoblèm nan ak foto ekran pou asire w demann ou an trete yon fason efikas.

Tanpri retounen nan paj akèy sit entènèt nou an pou tout enfòmasyon sou viza ak randevou.